Days of Remembrance

Haitian Creole · Bahá'u'lláh

Ziyarat-Namih (Tablet of Visitation) BH02307

Add range:
  • Priyè Vizitasyon an se mo Bahá’u’lláh te revele nan plizyè moman diferan pou moun ki te lwen Li, se Nabil ki te chwazi yo mete yo ansanm daprè direksyon li te jwenn nan men ‘Abdu’l-Bahá aprè Asansyon Bahá’u’lláh a.

    • yon korespondans ekri pou Shoghi Effendi
  • Moun resite priyè sa a nan Tonbo Bahá’u’lláh e nan Tonbo Le Báb. Anplis, gen moun ki konn resite li nan Jou Sen yo ki mache ak lavi Pèsonaj sa yo.

Lwanj ki te soti nan pi wo Lespri Ou a, e glwa ki te klere depi Bote Ou ki pi briyan, rete sou Ou, O Ou menm Ki se Manifestasyon Grandè a, ak Wa Etènite a, ak Senyè pou tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a! Mwen bay temwayaj se Ou menm Ki te revele souverènte Bondye ak pouvwa Li, majeste Bondye ak otorite Li, epi Solèy ansyen glwa yo te gaye limyè yo nan paradi desizyon Ou ki pa kapab chanje a. Se Ou Ki te revele nan syèl kreyasyon an Bèlte Envizib la. Anplis, mwen temwen se te yon sèl mouvman Plim Ou te fè ki te akonpli lòd Ou ki te di kreyasyon an: “Parèt,” e ki te fè Sekrè Bondye ki te kache a devwale, e ki te fè apèl pou kreye tout sa ki egziste, e ki te voye desann tout Revelasyon Bondye yo. Mwen temwen toujou se bote Ou ki te devwale bote Sila a Tout Moun Adore a, e se figi Ou ki te klere figi Li menm Tout Moun Dezire a. Avèk yon sèl mo, Ou te deside sò tout sa ki kreye - Ou voye tout sa ki dedye yo pou Ou menm fè yo monte nan pi wo otè glwa a, epi Ou voye tout enkredil yo tonbe nan fon ki pi ba a. Mwen temwen moun ki te rekonèt Ou te rekonèt Bondye, e sila yo ki te jwenn prezans Ou te rive jwenn prezans Bondye. Poutèt sa, benediksyon yo gran pou sila a ki te kwè nan Ou, e ki te kwè nan siyn Ou yo, e ki te mete li ba devan souverènte Ou, e ki te gen onè rankontre Ou, ki te rive jwenn bon plezi volonte Ou, ki te mache nan alantou kote Ou ye a, e ki te kanpe devan twòn Ou an. Malè ap tonbe sou li menm ki dezobeyi ak Ou, ki nye Ou, ki rejte siyn Ou yo, ki opoze ak souverènte Ou, ki leve kont Ou, ki rete ògeye devan figi Ou, ki diskite prèv Ou yo, ki kouri kite otorite Ou ak pouvwa Ou, e ki mete li pami enkredil yo ki te genyen non yo byen ekri nan Liv Sen Ou yo ak dwèt volonte Ou. O Bondye mwen, Byeneme mwen! Voye sou mwen souf favè sakre Ou yo, ki soti nan men dwat mizèrikòd Ou ak dous jantiyès Ou, pou yo kapab ede mwen kite mwen menm ansanm ak lemonn, e chèche jwenn vwazinaj Ou ak lakou prezans Ou. Ou posede pouvwa pou fè tout sa Ou vle. An verite, Ou rete siprèm sou tout bagay. Souvni Bondye ak lwanj Li, glwa Bondye ak gran limyè Li, rete sou Ou, O Ou menm Bèlte Li! Mwen temwen je kreyasyon an pa te janm gade yon lòt moun ki te maltrete tankou Ou menm. Chak jou nan lavi Ou, Ou te benyen nan yon oseyan mizè. Yon lè Ou te mare nan chenn; yon lòt lè, epe enmi Ou yo te menase Ou. Malgre sa, Ou te bay lòd pou lèzòm swiv preskripsyon Ou te jwenn nan men Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Genyen Tout Sajès la. Mwen ofri lespri mwen kòm sakrifis pou lenjistis Ou te soufri, epi mwen ofri nanm mwen kòm ranson pou difikilte Ou te rankontre. Mwen sipliye Bondye - poutèt Ou menm e poutèt yo menm ki te reyisi gen figi yo limen avèk limyè ki te klere nan vizaj Ou, moun ki te swiv tout sa yo te jwenn lòd pou yo fè daprè lanmou yo te genyen pou Ou - mwen sipliye Bondye, pou Li retire vwal ki te separe Ou menm ak kreyati Ou yo, e pou Li ban mwen tout sa ki bon nan lemonn sa a ak nan mond k’ap vini an. An verite, Ou se Toupisan an, Sila a Ki Pi Egzalte a, Ki Tout Gloriye a, Ki Toujou Padone, Ki Genyen Plis Konpasyon. O Senyè, Bondye mwen! Beni Pyebwa Diven an ak fèy li yo, ak twon li, ak branch li yo, ak tij li yo, ak boujon li yo, toutotan tit Ou ki pi bon yo ap kontinye e toutotan kalite mèveye Ou yo ap egziste. Epi, pwoteje li kont mechanste moun agresif yo e kont asanble opresè yo. An verite, Ou se Toupisan an, Sila a Ki Genyen Plis Pouvwa. O Senyè, Bondye mwen! Beni anplis, sèvitè ak sèvant Ou yo ki te rive jwenn prezans Ou. Vrèman, Ou Genyen Tout Bonte, e gras Ou p’ap janm fini. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

BH03262 BH03262

Add range:
O Bondye, Bondye mwen! Ranpli pou mwen tas lespri ki detache ak tout bagay, e rejwi mwen nan asanble glwa ak bonte Ou avèk bwason diven lanmou Ou. Libere mwen anba atak pasyon ak dezi yo, kase pou mwen chenn lemonn materyèl sa a, atire mwen avèk gran kontantman pou wayòm Ou ki anwo a, epi rafrechi mwen, pami sèvant yo, avèk souf sentete Ou yo. O Senyè, limen figi mwen avèk limyè benediksyon Ou yo, klere je mwen pandan m’ap gade siyn pisans Ou yo ki domine tout bagay, rejwi kè mwen avèk glwa konesans Ou ki antoure tout bagay, O Ou menm Ki Wa mond sa a ak Wayòm anwo a, O Ou menm Senyè pouvwa ak pisans, fè nanm mwen kontan avèk bòn nouvèl Ou sou gran lajwa k’ap rebay nanm yo lavi, pou pèmèt mwen gaye siyn ak prèv Ou yo toupatou, epi pwoklame Koz Ou, pataje Ansèyman Ou yo, rann sèvis ak Lwa Ou e egzalte Pawòl Ou. An verite, se Ou menm Ki Plen Pouvwa, Ki Toujou Bay, Ki Kapab, Ki Gen Otorite sou tout bagay.

BH04569 BH04569

Add range:
Se Li menm Ki Bondye, Sila a Ki egzalte, Senyè a Ki gen yon jantiyès ki plen lanmou ak bonte! Glwa pou ou, O Bondye mwen, Ou menm Senyè Siprèm nan. Mwen temwaye Ou gen tout otorite ak pisans, Ou gen souverènte ak jantiyès ki plen lanmou, Ou plen gras ak pouvwa, Lespri Ou rete pou kont Li e linite Ou pa kapab divize, Ou sanntifye e Ou pi wo pase tout mond kreyasyon an ak tout sa ki egziste anndan li. O Bondye mwen! Ou wè jan mwen detache ak tout bagay esepte Ou menm, jan m’ap kenbe fèm ak Ou menm e m’ap vire nan direksyon oseyan bonte Ou, ak syèl favè Ou, ak Solèy gras Ou a. Senyè! Mwen bay temwayaj Ou te mete Trezò Ou nan sèvitè Ou a, e se avèk menm Lespri sa a Ou te bay lemonn lavi. Mwen mande Ou poutèt gran limyè ki soti nan Solèy Revelasyon Ou an, pou asepte avèk mizèrikòd Ou tout sa li te akonpli nan jou Ou yo. Asepte pou li vin abiye avèk glwa bon-plezi Ou a epi pou tèt li ta kouwone avèk siyn rekonesans Ou. O Senyè mwen! Mwen menm ak tout bagay ki te kreye bay temwayaj sou pisans Ou, e mwen priye Ou pou pa refize bay akèy Ou pou nanm sa a ki te monte pou jwenn Ou, li menm k’ap chèche kote selès Ou a, Paradi egzalte Ou a ak azil ki nan vwazinaj Ou, O Ou menm Ki Senyè tout lèzòm. Poutèt sa, O Bondye mwen, asepte pou sèvitè Ou a ta kapab rankontre avèk yo menm Ou te chwazi yo, ak sen Ou yo ak Mesaje Ou yo nan kote selès yo okenn plim pa kapab rakonte e pèsonn moun pa kapab esplike. O Senyè mwen, li menm ki pòv la te vrèman prese pou jwenn Wayòm richès Ou a, e etranje sa a ap chèche antre lakay li nan lakou Ou, li menm ki te swaf la vle jwenn rivyè selès bonte Ou. O Senyè, pa anpeche li jwenn pòsyon pa li nan fèt gras Ou a ak nan favè bonte Ou yo. An verite, se Ou menm Ki Toupisan, Ki Plen Gras, Ki Gen Tout Bonte a. O Bondye mwen, Trezò Ou a gen tan retounen al’ jwenn Ou. Gras Ou ak bonte Ou ki te antoure wayòm Ou yo sou tè a e nan syèl la mande pou Ou akeyi nouvo vini sa a avèk favè Ou yo ak benediksyon Ou yo, e pataje avèk li fwi pyebwa gras Ou a! Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle, pa genyen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Plen Gras, Ki Gen Plis Bonte a, Ki Gen Konpasyon, Ki Toujou Bay, Ki Padone, Ki Gen Anpil Valè, Ki Konnen Tout Bagay. Mwen temwen, O Bondye mwen, Ou te bay lòd pou lèzòm bay onè pou moun k’ap vizite lakay yo, epi li menm ki te monte pou jwenn Ou an te vrèmen rive devan Ou epi li te antre nan Prezans Ou. Poutèt sa, trete li daprè gras ak bonte Ou! Avèk glwa Ou, mwen sèten Ou pa pral neglije fè sa Ou te mande sèvitè Ou yo fè, ni Ou p’ap manke bay favè Ou pou sila a ki te kenbe fèm nan kòd bonte Ou a e ki te monte nan Sous richès Ou a. Pa genyen lòt Bondye pase Ou menm, Sila a Ki pa gen parèy, Ki pou kont Li, Ki Plen Pouvwa, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Plen Bonte.