Prayers & Meditations

Haitian Creole · Bahá'u'lláh

Add range:
  • Si yon moun vle resite priyè sa a, se pou li kanpe e vire bò kote Bondye , e pandan li kanpe se pou li gade adwat e agoch, tankou li t’ap tann mizèrikòd Senyè li a, Li menm Ki Pi Mizèrikòdye a, Ki Gen Konpasyon. Epi, se pou li di:

    O Ou menm, Senyè tout non yo ak Kreyatè syèl la! Mwen priye Ou poutèt Yo menm Ki se Sous Lespri kache Ou a, Ou menm Ki Pi Egzalte a, Ki Pi Gloriye a, mwen priye Ou pou fè priyè mwen vin tankou yon dife ki pral boule vwal yo ki te anpeche mwen wè bèlte Ou, e yon limyè ki ap mennen mwen bò kote lanmè Prezans Ou.

  • Epi, se pou li leve men li yo pou sipliye Bondye - Ki beni e egzalte - e di:

    O Ou menm Dezi lemonn ak Byeneme nasyon yo! Ou wè mwen ap vire bò kote Ou, san okenn atachman pou pèsonn sof Ou menm, e m’ap kenbe fèm nan kòd Ou a, yon kòd ki mete lavi nan tout kreyasyon an lè li fè mouvman. Mwen se sèvitè Ou, O Senyè mwen, ak pitit sèvitè Ou. Gade mwen kanpe byen dispoze pou fè volonte Ou ak dezi Ou, avèk sèl objektif pou mwen fè Ou kontan. Mwen sipliye Ou avèk Oseyan mizèrikòd Ou ak Solèy gras Ou pou sèvi ak sèvitè Ou yo daprè volonte Ou ak dezi Ou. Ak pisans Ou ki konplètman depase tout pawòl ak lwanj! Tout sa Ou revele, se sa ki dezi kè mwen ak byeneme nanm mwen. O Dye, Bondye Mwen! Pa gade atant mwen yo ak tout sa m’ap fè, okontrè, pito Ou gade volonte Ou ki te antoure syèl la ak tè a. O Ou menm Senyè tout nasyon yo! Avèk Pi Gran Non Ou, mwen te dezire sèlman sa Ou te dezire, e mwen renmen sèlman sa Ou renmen.

  • Epi, se pou li mete li ajenou, e pandan li bese fon li atè, di:

    Ou egzalte pi wo pase esplikasyon nenpòt moun ta kapab bay, e pa gen anyen ki kapab konprann Ou sof Ou Menm menm.

  • Se pou li kanpe e di:

    O Senyè mwen, fè lapriyè mwen tankou yon fontèn dlo k’ap bay lavi k’ap fè mwen viv toutotan pouvwa Ou ap kontinye, e k’ap fè mwen site Non Ou nan chak mond pami tout mond Ou yo.

  • Se pou li leve men li yo ankò nan lapriyè, e di:

    O Ou menm ki te fè kè ak nanm yo fonn lè yo separe ak Ou! Lemonn antye te pran dife poutèt lanmou li genyen pou Ou! Akoz Non Ou ki te pèmèt Ou domine tout kreyasyon an, mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn sa ki nan men Ou, O Ou menm ki dirije tout lèzòm! O Senyè mwen! Ou wè moun enkoni sa a k’ap prese pou rive lakay li ki pi egzalte, ki la anba pwoteksyon majeste Ou e ki rete anndan lakou mizèrikòd Ou; Ou wè pechè sa a k’ap chèche oseyan padon Ou an; Ou wè mwen menm ki piti k’ap chèche lakou glwa Ou; e Ou wè kreyati pòv sa a k’ap chèche syèl richès Ou a. Ou genyen otorite pou kòmande tout sa Ou vle. Mwen temwen Ou merite lwanj pou tout sa Ou fè, Ou merite obeyisans nan tout sa Ou kòmande, epi Ou dwe kontinye san okenn anpechman nan tout sa Ou ap deside.

  • Epi, se pou li leve men li yo, e repete twa fwa Pi Gran Non an . Answit, se pou li bese do li e mete men li yo sou jenou li devan Bondye - benediksyon ak lwanj pou Li - e di:

    Ou wè, O Bondye mwen, jan lespri mwen te vin resisite nan tout kò mwen, avèk dezi pou li adore Ou, e nan bi pou li sonje Ou ak ba Ou lwanj; Ou wè jan lespri mwen bay temwayaj sou tout sa Lang Kòmandman Ou te temwaye nan wayòm pawòl Ou yo ak nan syèl konesans Ou an. Jan lespri mwen ye la a, O Senyè mwen, mwen ta renmen mande Ou tout sa Ou posede, pou pèmèt mwen montre povrete mwen, e bay lwanj pou bonte Ou ak richès Ou yo, e pou mwen deklare mwen pa gen pouvwa, epi fè pouvwa Ou ak pisans Ou parèt.

  • Answit, se pou li kanpe e leve men li yo 2 fwa nan siplikasyon, epi di:

    Pa gen lòt Bondye pase Ou, Toupisan an, Sila a Ki Gen Tout Bonte a. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Bay Lòd depi okòmansman jiska lafen. O Bondye, Bondye mwen! Padon Ou te ban mwen kouraj, e mizèrikòd Ou te soutni mwen, e apèl Ou te reveye mwen, e gras Ou te leve mwen epi mennen mwen nan direksyon Ou. Si se pa t’ pou sa, kiyès mwen ye pou mwen ta genyen kouraj pou kanpe devan baryè vil prezans Ou an? Oubyen, kijan mwen ta kapab fikse je mwen bò limyè yo k’ap klere nan syèl volonte Ou a? Ou wè, O Senyè mwen, kreyati malere sa a k’ap frape nan pòt gras Ou, ak nanm frajil sa a k’ap chèche rivyè lavi ki san fen an k’ap koule nan men bonte Ou yo. Se Ou menm ki kòmande nan chak moman, O Ou menm Senyè tout non yo; e se mwen menm ki dwe reziye m’, kite volonte mwen, e swiv ak tout kè mwen volonte Ou, O Kreyatè syèl la!

  • Epi pou li leve men li yo twa fwa, e di:

Bondye pi gran pase tout gran yo!

  • Se pou li mete li ajenou, e pandan l’ap bese fon li atè, di:

    Ou tèlman wo, menm lwanj moun ki pre Ou pa ta kapab rive monte nan syèl prezans Ou an, ni zwazo kè moun ki adore Ou yo pa kapab rive jwenn ti pòt ki nan baryè Ou a. Mwen temwen, O Bondye, Ou sanntifye pi wo pase tout kalite, e Ou pi sen pase tout non yo. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Ou menm Ki Pi Egzalte, Ki Pi Gloriye.

  • Epi pou li chita e di:

    Mwen bay temwayaj sou sa tout bagay ki kreye te bay temwayaj, e sou sa Lame Selès la ak abitan nan Paradi ki pi wo a te bay temwayaj, e anplis, mwen temwen sou sa Lang Grandè a li menm tou te bay temwayaj nan Syèl ki pi gloriye a: mwen temwen se Ou menm Ki Bondye, pa genyen lòt Bondye pase Ou, e Li menm Ki te manifeste a se Li Ki Mistè Kache a, Siyn Ki Gen Plis Valè a, Sila a Ki te mete ansanm lèt P, A, R, È, e T pou bay lòd ‘Parèt.’ Mwen temwen se Plim Ki Pi Wo a ki te ekri non Sila a Ki te manifeste a, e Non Li te site nan tout Liv Bondye, Senyè Twòn anwo a ak Senyè sou tè a.

  • Epi pou li kanpe dwat e di:

    O Senyè tout egzistans lan! O Ou menm Ki Posede tout bagay vizib e envizib! Ou wè dlo k’ap soti nan je mwen e Ou konnen soupi mwen yo, Ou tande lè m’ap jemi, e lè m’ap kriye, ak soufrans ki nan kè mwen. Avèk pisans Ou! Erè mwen yo te anpeche mwen vin pi pre Ou; e peche mwen yo te kenbe mwen lwen lakou sentete Ou. O Senyè mwen, lanmou Ou te anrichi mwen, e separasyon mwen ak Ou te detwi mwen, distans mwen avèk Ou te fini ak kò mwen. Mwen priye Ou poutèt prezans Ou nan lemonn sovaj sa a, e poutèt pawòl sa yo “Men mwen. Men mwen,” moun Ou te chwazi yo te di nan gran kreyasyon sa a, e mwen priye Ou poutèt souf Revelasyon Ou an, ak dous van nan Douvanjou Manifestasyon Ou an, pou bay lòd pou pèmèt mwen gade sou bèlte Ou e swiv tout sa ki ekri nan Liv Ou a.

  • Se pou li repete Pi Gran Non an twa fwa, epi bese do li, mete men li yo sou jenou li, e di:

    Lwanj pou Ou, O Bondye mwen, poutèt Ou te ede mwen sonje Ou ak ba Ou lwanj, e Ou te fè mwen konnen Sila a Ki se Sous siyn Ou yo, e Ou te fè mwen koube devan Otòrite Ou epi bese mwen devan Lespri Diven Ou an, e asepte tout sa Lang grandè Ou a te di.

  • Li dwe leve epi di: O Bondye, Bondye mwen! Do mwen koube akoz chay peche mwen yo, epi pwòp neglijans mwen te kraze mwen. Nenpòt lè mwen reflechi sou erè mwen yo ak gras Ou, kè mwen ap kase, e san mwen ap bouyi nan venn mwen yo. Nan Bèlte Ou, O Ou menm Dezi lemonn! Mwen jennen pou mwen vire figi mwen bò kote Ou, e malgre men mwen yo anvi adore Ou, mwen santi m’ wont pou leve yo nan direksyon syèl bonte Ou. Ou wè, O Bondye mwen, jan dlo ki soti nan je mwen ap anpeche mwen sonje Ou, e jan li fè mwen pa kapab glorifye kalite Ou yo, O Ou menm Ki Senyè Twòn anwo a ak Senyè sou tè a! Mwen priye Ou ak tout kè m’ poutèt tout siyn Wayòm Ou an ak mistè Souverènte Ou, pou Ou aji avèk byeneme Ou yo daprè bonte Ou, O Senyè tout egzistans lan, e trete yo daprè gras Ou ta merite, O Ou menm Ki Wa tout sa ki vizib ak tout sa ki envizib!

  • Se pou li repete Pi Gran Non an twa fwa, epi mete li ajenou, e pandan li bese fon li atè, di: Lwanj pou Ou, O Bondye nou, poutèt Ou te fè desann sou nou sa k’ap atire nou bò kote Ou, epi Ou ban nou tout bon bagay Ou te voye nan Liv Ou yo ak Ekri Ou yo. Nou sipliye Ou, O Senyè mwen, pou pwoteje nou kont tout panse ki san valè ak imajinasyon initil. An verite, Ou Pisan, Ou Konnen Tout Bagay.

  • Se pou li leve tèt li, chita, epi di: Mwen temwen, O Bondye mwen, sa Sila yo Ou te chwazi yo te temwen, e mwen admèt sa abitan nan Paradi ki pi wo a ak yo menm ki te antoure Twòn pisan Ou an te admèt. Wayòm tè a ak wayòm syèl la se pou Ou, O Senyè tout mond yo!

  • Priyè Vizitasyon an se mo Bahá’u’lláh te revele nan plizyè moman diferan pou moun ki te lwen Li, se Nabil ki te chwazi yo mete yo ansanm daprè direksyon li te jwenn nan men ‘Abdu’l-Bahá aprè Asansyon Bahá’u’lláh a.

    • yon korespondans ekri pou Shoghi Effendi
  • Moun resite priyè sa a nan Tonbo Bahá’u’lláh e nan Tonbo Le Báb. Anplis, gen moun ki konn resite li nan Jou Sen yo ki mache ak lavi Pèsonaj sa yo.

Lwanj ki te soti nan pi wo Lespri Ou a, e glwa ki te klere depi Bote Ou ki pi briyan, rete sou Ou, O Ou menm Ki se Manifestasyon Grandè a, ak Wa Etènite a, ak Senyè pou tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a! Mwen bay temwayaj se Ou menm Ki te revele souverènte Bondye ak pouvwa Li, majeste Bondye ak otorite Li, epi Solèy ansyen glwa yo te gaye limyè yo nan paradi desizyon Ou ki pa kapab chanje a. Se Ou Ki te revele nan syèl kreyasyon an Bèlte Envizib la. Anplis, mwen temwen se te yon sèl mouvman Plim Ou te fè ki te akonpli lòd Ou ki te di kreyasyon an: “Parèt,” e ki te fè Sekrè Bondye ki te kache a devwale, e ki te fè apèl pou kreye tout sa ki egziste, e ki te voye desann tout Revelasyon Bondye yo. Mwen temwen toujou se bote Ou ki te devwale bote Sila a Tout Moun Adore a, e se figi Ou ki te klere figi Li menm Tout Moun Dezire a. Avèk yon sèl mo, Ou te deside sò tout sa ki kreye - Ou voye tout sa ki dedye yo pou Ou menm fè yo monte nan pi wo otè glwa a, epi Ou voye tout enkredil yo tonbe nan fon ki pi ba a. Mwen temwen moun ki te rekonèt Ou te rekonèt Bondye, e sila yo ki te jwenn prezans Ou te rive jwenn prezans Bondye. Poutèt sa, benediksyon yo gran pou sila a ki te kwè nan Ou, e ki te kwè nan siyn Ou yo, e ki te mete li ba devan souverènte Ou, e ki te gen onè rankontre Ou, ki te rive jwenn bon plezi volonte Ou, ki te mache nan alantou kote Ou ye a, e ki te kanpe devan twòn Ou an. Malè ap tonbe sou li menm ki dezobeyi ak Ou, ki nye Ou, ki rejte siyn Ou yo, ki opoze ak souverènte Ou, ki leve kont Ou, ki rete ògeye devan figi Ou, ki diskite prèv Ou yo, ki kouri kite otorite Ou ak pouvwa Ou, e ki mete li pami enkredil yo ki te genyen non yo byen ekri nan Liv Sen Ou yo ak dwèt volonte Ou. O Bondye mwen, Byeneme mwen! Voye sou mwen souf favè sakre Ou yo, ki soti nan men dwat mizèrikòd Ou ak dous jantiyès Ou, pou yo kapab ede mwen kite mwen menm ansanm ak lemonn, e chèche jwenn vwazinaj Ou ak lakou prezans Ou. Ou posede pouvwa pou fè tout sa Ou vle. An verite, Ou rete siprèm sou tout bagay. Souvni Bondye ak lwanj Li, glwa Bondye ak gran limyè Li, rete sou Ou, O Ou menm Bèlte Li! Mwen temwen je kreyasyon an pa te janm gade yon lòt moun ki te maltrete tankou Ou menm. Chak jou nan lavi Ou, Ou te benyen nan yon oseyan mizè. Yon lè Ou te mare nan chenn; yon lòt lè, epe enmi Ou yo te menase Ou. Malgre sa, Ou te bay lòd pou lèzòm swiv preskripsyon Ou te jwenn nan men Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Genyen Tout Sajès la. Mwen ofri lespri mwen kòm sakrifis pou lenjistis Ou te soufri, epi mwen ofri nanm mwen kòm ranson pou difikilte Ou te rankontre. Mwen sipliye Bondye - poutèt Ou menm e poutèt yo menm ki te reyisi gen figi yo limen avèk limyè ki te klere nan vizaj Ou, moun ki te swiv tout sa yo te jwenn lòd pou yo fè daprè lanmou yo te genyen pou Ou - mwen sipliye Bondye, pou Li retire vwal ki te separe Ou menm ak kreyati Ou yo, e pou Li ban mwen tout sa ki bon nan lemonn sa a ak nan mond k’ap vini an. An verite, Ou se Toupisan an, Sila a Ki Pi Egzalte a, Ki Tout Gloriye a, Ki Toujou Padone, Ki Genyen Plis Konpasyon. O Senyè, Bondye mwen! Beni Pyebwa Diven an ak fèy li yo, ak twon li, ak branch li yo, ak tij li yo, ak boujon li yo, toutotan tit Ou ki pi bon yo ap kontinye e toutotan kalite mèveye Ou yo ap egziste. Epi, pwoteje li kont mechanste moun agresif yo e kont asanble opresè yo. An verite, Ou se Toupisan an, Sila a Ki Genyen Plis Pouvwa. O Senyè, Bondye mwen! Beni anplis, sèvitè ak sèvant Ou yo ki te rive jwenn prezans Ou. Vrèman, Ou Genyen Tout Bonte, e gras Ou p’ap janm fini. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.

  • Nenpòt moun ki vle priye, se pou li lave men li, e pandan l’ap lave men li, di:

    Ranfòse men mwen, O Bondye mwen, pou li kapab kenbe Liv Ou a avèk yon fidelite ki tèlman fèm sa pral anpeche pèp yo ki nan lemonn gen pouvwa sou li. Pwoteje li, tou, pou li pa melanje nan bagay ki pa regade li. An verite, se Ou menm Ki Toupisan an, Ki Genyen Plis Pouvwa.

  • E pandan l’ap lave figi li, se pou li di:

    Mwen te vire figi mwen nan direksyon Ou, O Senyè mwen! Klere li ak limyè vizaj Ou. Pwoteje li, anplis, pou li pa tounen nan direksyon yon lòt ki pa Ou menm.

  • Epi li dwe kanpe, e vire figi li nan direksyon Qiblih a , e di:

    Bondye temwen pa gen lòt Bondye esepte Li menm. Wayòm Revelasyon an ak wayòm kreyasyon an se pou Li. An verite, se Li Ki te voye Sila a Ki se Sous Revelasyon an, Li menm Ki te pale sou Mòn Sinayi a, Ki te fè Syèl Siprèm nan klere, Ki te fè Pyebwa Selès la ki pa kapab depase a leve vwa li, e se Li menm Ki te lanse apèl sa a pou tout sa ki nan syèl la ak tout sa ki sou tè a: “Tande Mwen byen, Sila a Ki Posede Tout Bagay gen tan vini. Tè a ak syèl la, glwa ak otorite yo se pou Bondye, Senyè a pou tout lèzòm, Sila a Ki Posede Twòn ki nan syèl la ak Twòn ki sou tè a!”

  • Epi, se pou li koube do li, epi mete men li sou jenou li, e di:

    Se Ou menm Ki egzalte pi wo pase lwanj mwen ak lwanj tout lòt moun; Ou pi wo pase sa mwen kapab esplike ak tout sa sila yo ki nan syèl la e sou latè kapab esplike!

  • Epi, se pou li kanpe epi leve e ouvri de plamen li anlè nan direksyon vizaj li, e di:

    O Bondye mwen, O Ou menm Ki Pi Mizerikòdye pami tout sila yo ki gen mizerikòd! Pa kite moun ki te kenbe fèm ak dwèt fidèl li yo sou ke wòb mizerikòd ak gras Ou pèdi espwa.

  • Epi, se pou li chita e di:

    Mwen sèten gen yon sèl Bondye e Ou pa gen parèy, se Ou menm Ki Bondye, e pa gen lòt Bondye pase Ou. An verite, Ou te revele Koz Ou a, Ou te respekte angajman Alyans Ou, e Ou te ouvri pòt gras Ou byen laj devan tout sa ki abite nan syèl la e sou tè a. Benediksyon ak lapè, salitasyon ak glwa, rete sou byeneme Ou yo, yo menm ki pa te kite chanjman ak chans ki genyen nan lemonn anpeche yo vire nandireksyon Ou, e ki te abandone tout sa yo te genyen, avèk espwa yo t’ap jwenn sa Ou posede a. An verite, se Ou menm K’ap Toujou Padone, Ki Gen Tout Bonte a.

  • Nan plas vèsè long lan, sa t’ap sifi si yon moun ta deside resite mo sa yo: “Bondye temwen pa gen lòt Bondye esepte Li menm, Sila a Ki Pote Sekou nan Danje, Ki Egziste pou kont Li.” E menm jan an, li t’ap sifi, pandan l’ap chita, si li ta deside resite mo sa yo: “Mwen sèten gen yon sèl Bondye e Ou pa gen parèy, se Ou menm Ki Bondye, e pa gen lòt Bondye pase Ou.”

Lwanj pou Ou, O Bondye mwen, paske Ou te chwazi Naw-Rúz kòm yon festival pou tout moun ki te fè Jèn nan poutèt lanmou yo genyen pou Ou, moun ki te rete lwen ak tout sa Ou rayi. O Senyè mwen! Fè flanm lanmou Ou ak chalè ki soti nan Jèn Ou te kòmande a byen chofe kè adèp ki nan Koz Ou a, fè yo angaje yo nan ba Ou lwanj, e nan sonje Ou. Pliske Ou te abiye kwayan yo, O Senyè mwen, avèk bijou Jèn nan Ou te kòmande a, abiye yo tou avèk bèlte a ki nan bijou bon plezi Ou, poutèt gras Ou ak favè Ou ki plen bonte. Paske, tout aksyon lèzòm sou kont bon plezi Ou, epi Ou asepte yon aksyon sèlman daprè bon volonte Ou. Si yon moun pa te fè Jèn nan, e Ou menm, daprè volonte Ou, ta deside mete moun sa a pami moun ki te swiv li, konsa tout moun t’ap asepte li kòm yon moun ki te fè Jèn nan depi tout tan. E si Ou ta bay lòd pou yon moun ki te fè Jèn nan konte pami moun ki te kase li, lè sa a tou, tout moun t’ap konsidere moun sa a tankou yon moun ki te mete tach pousyè sou Wòb Revelasyon Ou an, e pami moun ki te elwanye yo ak dlo klè a ki soti nan Fontèn sa a k’ap bay lavi. Se Ou menm Ki te monte drapo pawòl sa yo ki di: “Ou merite lwanj pou tout sa Ou fè,” e se Ou menm Ki te dewoule bandwòl pawòl sa yo: “Tout moun obeyi ak volonte Ou.” O Bondye mwen! Fè tout sèvitè Ou yo rekonèt grandè ran Ou ki parèt nan pawòl sa yo pou yo kapab konprann se desizyon Ou ak pawòl Ou ki bay tout bagay valè, e se pèmisyon Ou ak bon plezi volonte Ou ki deside ki valè chak aksyon pral genyen, epi fè yo rekonèt se Ou menm Ki kenbe nan men Ou kòd desten an ki gen kontwòl sou aksyon lèzòm daprè volonte Ou ak kòmandman Ou. Fè yo konnen sa, O Bondye mwen, pou pa gen anyen ditou k’ap egziste pou anpeche yo wè Belte Ou nan jou sa a yo. Nan jou sa a, Jezi Kri di: “Tout otorite se pou Ou, O Ou menm Ki te Sous la pou Lespri a (Jezi Kri).” E nan jou sa a Zanmi Ou (Mahomè) di: “Glwa pou Ou, O Ou menm Ki Pi Byeneme a, paske Ou te devwale Bèlte Ou, e Ou te ekri pou moun Ou te chwazi yo sa ki pral fè yo rive jwenn syèj revelasyon Pi Gran Non Ou an. Se Pi Gran Non sa a ki te fè tout pèp yo boulvèse, sof sila yo ki te detache ak tout bagay esepte Ou menm, e ki te vire bò kote Li menm Ki Revele Ou Menm menm, e Ki Manifeste kalite Ou yo.” O Senyè mwen, Li menm Ki se Branch Ou ak tout lòt zanmi Ou yo te mete fen nan jèn pa yo jodiya, aprè yo te fin swiv li bò kote lakou Ou, e daprè dezi yo te genyen pou fè Ou plezi. Chwazi pou Li menm, ak pou yo menm, e pou tout moun ki te antre nan prezans Ou pandan jounen sa yo tout sa ki bon Ou te sere pou yo nan Liv Ou a. Epi, O Senyè mwen, fè yo jwenn tout sa ki pral ba yo avantaj ni nan lavi sa a, ni nan lavi aprè a. An verite, se Ou menm Ki Konnen Tout Bagay, Ki Genyen Tout Sajès la.
O Ou menm Senyè Ki Gen Kè Dou! Sèvant Ou sa a ki chè pou nou te vle avanse nan direksyon Ou, e li te sèvi avèk panse li ak jijman li pou chèche jwenn prezans Ou e antre nan wayòm Ou yo. Avèk dlo nan je li, li te vire rega li sou Wayòm Mistè a. Li te pase anpil nwit nan fon lapriyè avèk Ou, e li te viv anpil jou avèk panse li yo ki plen lanmou fikse sou Ou. Chak maten li t’ap sonje Ou, epi chak lanjelis li t’ap mete panse li yo sou Ou. Li te chante vèsè sakre yo tankou yon wosinyòl, e li te chèche reflete limyè Ou tankou yon glas. O Ou menm Ki Padone peche yo! Ouvri chemen an pou pèmèt nanm ki reveye sa a ta kapab antre nan Wayòm Ou an, e fè zwazo sa a Ou te antrene avèk men Ou reyisi vole nan jaden woz ki p’ap janm fini an. Li gen gran anvi pou avanse pi pre Ou; pèmèt li rive jwenn prezans Ou. Li twouble e li ajite nan separasyon li ak Ou menm; ba li dwa antre nan Kay Selès Ou a. O Senyè! Nou se pechè, men se Ou menm Ki Padone. Nou plonje nan oseyan defo nou yo, men se Ou menm Ki Eskize, Ki Janti. Efase peche nou yo e beni nou avèk gras Ou k’ap debòde a. Pèmèt nou jwenn bonte gade Figi Ou, epi ban nou bwè nan kalis jwa ak kontantman an. Nou prizonye nan pwòp erè nou yo, e se Ou menm Ki Wa favè yo ki plen bonte. N’ap nwaye nan lanmè dezobeyisans nou yo, e se Ou menm Ki Senyè mizèrikòd ki pa gen limit la. Se Ou menm Ki Bay, Ki Gloriye, K’ap Kontinye Egziste pou Tout Tan, Ki Plen Bonte; e se Ou menm Ki Gen Tout Gras, Ki Plen Mizèrikòd, Ki Gen Tout Pouvwa, Sila a K’ap Voye Favè yo e K’ap Padone peche yo. An verite, se Ou menm nou tout ap vire jwenn pou chèche padon Li poutèt mankman nou yo, Sila a Ki Senyè senyè yo.
Glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen priye Ou fò poutèt Li menm Ki se Pi Gran Non Ou an, Ki te soufri anpil nan men kreyati Ou yo ki te rejte verite Ou, Sila a Ki te antoure ak anpil chagren okenn lang pa kapab esplike, mwen priye Ou pou pèmèt mwen sonje Ou ak selebre lwanj Ou, nan jou sa yo kote tout moun te vire kite bèlte Ou, te diskite avèk Ou menm, epi vire do avèk ògèy bay Li menm K’ap Revele Koz Ou a. Pa gen yon moun, O Senyè mwen, ki kapab ede Ou, se sèl Ou menm, e pa gen okenn pouvwa ki kapab soutni Ou sof pwòp pouvwa pa Ou. Mwen sipliye Ou pou pèmèt mwen kenbe fèm ak lanmou Ou e ak souvni Ou. An verite, li posib pou mwen fè sa, e se Ou menm sèl Ki konnen tout sa ki anndan mwen. An verite, Ou konnen, epi Ou konprann tout bagay. Pa anpeche mwen wè, O Senyè mwen, glwa a ki nan limyè figi Ou, yon limyè ki tèlman briyan li te klere tout mond la. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Gen Plis Pouvwa, Tout Gloriye a, Li menm Ki Toujou Padone.
Lwanj pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou, poutèt Non Ou pèsonn moun pa te rekonèt nan fason li ta merite a, yon Non okenn nanm pa te vrèman konprann siyifikasyon li; mwen sipliye Ou poutèt Li menm Ki se Tèt Sous Revelasyon Ou an ak Solèy siyn Ou yo, pou fè kè mwen vin yon vèso pou kenbe lanmou Ou ak souvni Ou. Fè kè mwen vin atache ak pi gran Oseyan Ou an, pou fè dlo sajès Ou yo k’ap bay lavi ansanm ak sous klè yo k’ap ba Ou glwa ak lwanj koule soti nan li. Manm kò mwen temwaye sou linite Ou, epi cheve nan tèt mwen deklare pouvwa otorite Ou ak pisans Ou. Mwen te kanpe devan pòt gras Ou kote mwen te konplètman bliye tèt mwen e mwen te konplètman elimine volonte mwen, kote mwen te kenbe fèm ke wòb bonte Ou, e mwen te fikse je mwen nan syèl favè Ou yo. Chwazi yon desten pou mwen, O Bondye mwen, ki t’ap diyn pou grandè majeste Ou, epi ede mwen, avèk gras Ou k’ap ranfòse a, pou mwen anseye Koz Ou a tèlman byen l’ap fè mò yo ta prese soti nan kav yo, epi avanse pou jwenn Ou, kote yo ta mete tout konfyans yo nan Ou menm, e fikse figi yo sou richès Koz Ou a, e sou kote limyè Revelasyon Ou an ap leve. An verite, se Ou menm Ki Gen Plis Pouvwa, Ki Pi Wo, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la.
Se Ou menm Ki Gloriye, O Senyè Bondye mwen! Chak fwa mwen eseye site Non Ou, mwen gen yon anpechman poutèt gwo peche mwen yo ak dezobeyisans grav mwen fè kont volonte Ou, e mwen remake mwen anpeche tèt mwen jwenn gras Ou, e sa fè mwen vrèman manke fòs pou selebre lwanj Ou. Kanmenm, akoz mwen gen anpil konfyans nan bonte Ou, sa renouvle espwa mwen nan Ou, ak fèm konesans mwen genyen Ou pral trete mwen avèk bonte Ou, ki ban mwen kouraj pou chante lwanj Ou, epi mande Ou voye pou mwen bagay Ou posede yo. Mwen sipliye Ou, O Bondye mwen, poutèt mizèrikòd Ou ki depase tout bagay ki te kreye - yon mizèrikòd ki jwenn temwayaj tout moun ki plonje nan oseyan non Ou yo - mwen sipliye Ou pou pa abandone mwen pou kont mwen, paske kè mwen kapab tonbe nan mechanste. Pwoteje mwen, poutèt sa, nan fòterès pwoteksyon Ou e nan abri swen Ou. Se mwen menm, O Bondye mwen, ki gen dezi pou wè sèlman sa Ou te deside avèk pouvwa pisans Ou. Sèl bagay mwen te chwazi pou pwòp tèt mwen se pou jwenn sipò ki soti nan chwa Ou fè yo avèk gras Ou e avèk desizyon volonte Ou, e pou mwen jwenn èd nan siyn yo ki soti nan lòd Ou ak jijman Ou. O Ou menm Byeneme tout kè k’ap soufri nan absans Ou, mwen priye Ou fò poutèt Manifestasyon Koz Ou yo ak Sous limyè Ou yo, poutèt Egzanp grandè Ou yo, ak Trezò konesans Ou yo, pou pa kite mwen rete lwen Abitasyon sakre Ou, Tanp Ou ak Tabènak Ou. Ede mwen, O Senyè mwen, pou mwen rive jwenn lakou sanntifye Li a, e pou mwen fè pati antouraj Li, e pou mwen kanpe tèt bese devan pòt Li a. Se Ou menm Sila a Ki gen pouvwa depi tout etènite jiska tan nan lavni a ki pa gen fen. Pa gen anyen ki chape anba konesans Ou. An verite, se Ou menm Bondye pouvwa a, Bondye glwa ak sajès la. Lwanj pou Bondye, Senyè tout mond yo!
  • Li ta kòrèk pou pèp Bahá a, pandan tout jou [Ayyám-i-Há] sa yo, fè kè yo ak kè fanmi yo kontan, anplis mete lajwa nan kè malerè yo ak moun ki nan nesesite yo, epi, avèk jwa ak anpil kontantman, louwe ak glorifye Senyè yo, chante lwanj pou Li epi bay onè pou Non Li; e lè jou pataj sa yo gen tan fini - jou ki vin anvan jou pou disipline tèt nou yo, se pou yo antre nan Jèn nan. Sa a se lòd Senyè Ki pou tout limanite te bay.

*… lè lòm fè priyè obligatwa a ak jèn nan, yo ede li konprann e yo reveye li, epi yo ede li jwenn sekirite e yo pwoteje li kont eprèv yo.

Bondye mwen, Dife mwen ak Limyè mwen! O Ou menm Ki Wa tout Non yo, jou Ou yo Ou te rele Ayyám-i-Há gen tan kòmanse, e Plim Ou Ki Pi Egzalte a te bay tout sa yo ki viv nan wayòm kreyasyon Ou an lòd pou yo swiv jou Jèn yo k’ap rive a. Mwen sipliye Ou, O Senyè mwen, poutèt jou sa yo e poutèt tout moun ki te kenbe kòd kòmandman Ou yo pandan epòk sa a, e ki te rale manch lwa Ou yo, mwen sipliye Ou pou Ou ta pèmèt chak nanm jwenn yon kote anndan lakou Ou, ak yon plas pou li ta chita devan revelasyon limyè ki soti nan figi briyan Ou an. O Senyè mwen! Sila a yo se sèvitè Ou ki pa t’ kite okenn move dezi separe yo ak sa Ou te voye desann pou yo nan Liv Ou a. Yo te bese tèt yo devan Koz Ou a, e yo te resevwa Liv Ou a avèk yon fèm desizyon ki soti nan Ou menm. Yo te fè sa Ou te mande yo fè, e yo deside swiv lwa Ou te voye desann yo. Ou wè, O Senyè mwen, jan yo te rekonèt epi asepte tout sa Ou te revele nan Ekri Ou yo. Kite yo bwè nan men gras Ou, O Senyè mwen, dlo etènite Ou a. Epi, ekri pou yo rekonpans Ou te chwazi pou moun ki te plonje nan lanmè prezans Ou an - moun ki te rive jwenn vrè bwason diven Ou te chwazi a ki soti nan rankont avèk Ou menm. Mwen priye Ou fò, O Ou menm Ki Wa pou tout wa yo, Sila a Ki Gen Pitye pou tout moun ki sibi enjistis yo, pou sere pou yo sa ki bon nan lemonn sa a ak nan lòt mond k’ap vini an. Anplis, ekri pou yo sa okenn nan kreyati Ou yo pa te janm dekouvri, epi konte yo pami moun ki te antoure Ou, e ki te viv pre twòn Ou an nan chak mond pami tout mond Ou yo. An verite, Ou se Toupisan an, Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès.

Fè mwen bwè, O Bondye mwen, nan sous lavi Ou ki p’ap janm fini an e ki chaje ak dous pafen, epi pèmèt mwen goute nan fwi ki nan pyebwa lavi Ou, O Espwa mwen! Asepte pou mwen byen bwè nan dlo klè lanmou Ou, O Glwa mwen, e kite mwen poze anba lonbraj pwovidans Ou ki la pou tout tan an, O Limyè mwen! Pèmèt mwen mache devan prezans Ou anndan espas vèt la ki nan vwazinaj Ou, O Byeneme mwen, e fè mwen chita nan men dwat twòn mizèrikòd Ou, O Dezi mwen! Kite yon souf pafen pase sou mwen soti nan dous briz jwa Ou, O Bi mwen, e asepte pou mwen antre nan otè yo ki nan paradi reyalite Ou, O Ou menm mwen adore a! Pèmèt mwen koute melodi zwazo linite Ou, O Ou menm Ki Eklere, e resisite mwen avèk lespri pouvwa Ou ak pisans Ou, O Ou menm Ki okipe mwen! Fè mwen fidèl nan lespri lanmou Ou, O Ou menm Ki soutni mwen, e kenbe pye m’ byen fèm nan chemen bon plezi Ou, O Kreyatè mwen! Kite mwen viv pou tout tan devan vizaj Ou nan jaden lavi Ou ki p’ap janm fini an, O Ou menm Ki gen mizèrikòd pou mwen, epi etabli mwen nan syèj glwa Ou, O Ou menm Ki posede mwen! Leve mwen fè m’ monte nan syèl jantiyès Ou a ki plen lanmou, O Ou menm Ki ban mwen lavi, e mennen mwen jwenn Solèy direksyon Ou, O Ou menm Ki atire mwen! Konvoke mwen devan revelasyon lespri envizib Ou a, O Ou menm Ki Orijin mwen e Pi Gran Anvi mwen, e fè mwen retounen jwenn pafen konsantre bèlte Ou a Ou pral fè parèt, O Ou menm Ki Bondye mwen! Ou gen pisans pou fè sa k’ap fè Ou plezi. An verite, se Ou menm Ki Pi Egzalte, Tout Gloriye a, Pi Wo a.
Se Li Ki Pisan an, Ki Padone, Ki Gen Kè Sansib! O Bondye, Bondye mwen! Ou wè sèvitè Ou yo nan falèz lanfè ak erè; O Ou menm Dezi mond la, ki kote limyè direksyon diven Ou? Ou konnen kòman yo pa kapab ede tèt yo e jan yo fèb; ki kote siyn pouvwa Ou, O Ou menm Ki kenbe nan men Ou tout pouvwa syèl la ak tè a? Mwen mande Ou, O Senyè Bondye mwen, poutèt ekla limyè ki soti nan dous jantiyès Ou ak gran vag ki monte nan oseyan konesans ak sajès Ou e poutèt Pawòl Ou te sèvi pou dirije pèp yo nan wayòm Ou an, mwen mande Ou pou konte mwen pami moun ki te swiv kòmandman Ou yo nan Liv Ou a. Epi chwazi pou desten mwen sa Ou te chwazi kòm desten pou moun ki te gen konfyans Ou, yo menm ki te vrèman bwè nan kalis bonte Ou bwason diven ki bay lespri selès la, ki te prese pou fè sa Ou te vle e ki te swiv Alyans ak Testaman Ou. Ou gen Pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen lòt Bondye esepte Ou, Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la. O Senyè, chwazi pou mwen, avèk bonte Ou, sa ki pral mennen mwen jwenn richès ni nan mond sa a ni nan mond aprè a e sa ki pral atire mwen nan prezans Ou, O Ou menm Ki se Senyè tout lèzòm. Pa gen lòt Bondye esepte Ou, Sila a Ki Rete Pou Kont Li, Pisan an, Li menm Ki Glorifye a.
Glwa pou Ou, O Wa etènite a, Kreyatè nasyon yo, ak Mèt Ki fòme chak zo k’ap dekonpoze! Mwen priye Ou, nan Non Ou, Non an Ou te sèvi pou rele tout limanite vin jwenn syèl grandè Ou ak glwa Ou, Non an Ou te sèvi pou gide sèvitè Ou yo nan lakou gras Ou ak favè Ou yo, mwen priye Ou pou konte mwen pami sila yo ki te libere yo ak tout bagay esepte Ou menm, ki te mete yo nan direksyon Ou, e ki pa t’ kite difikilte Ou te voye reyisi anpeche yo vire nan direksyon benediksyon Ou yo. O Senyè mwen! Mwen te mete men mwen sou manch bonte Ou, epi mwen te kenbe fèm ak ke wòb favè Ou. Poutèt sa, voye desann sou mwen, soti nan nyaj charite Ou yo, sa ki pral elimine nan mwen souvni tout sa ki pa Ou menm, sa ki pral pèmèt mwen vire pou jwenn Sila a Ki se Bi adorasyon tout limanite. Se Li menm Ki te genyen rasanble kont Li tout moun ki te simen twoub, sila yo ki te brize alyans Ou, e ki pa te kwè nan Ou ak nan siyn Ou yo. O Senyè mwen! Pa refize kite mwen pran nan pafen ki soti nan vètman Ou nan jou Ou yo, e pa anpeche mwen jwenn souf Revelasyon Ou nan douvanjou a ki klere nan limyè figi Ou. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen anyen ki kapab reziste kont volonte Ou, ni detounen sa Ou te deside avèk pouvwa Ou. Pa genyen lòt Bondye aprè Ou, Toupisan an, Li menm Ki Gen Tout Sajès la.
Glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou poutèt Non Ou, Non Ou te sèvi pou leve drapo direksyon Ou yo, pou klere limyè jantiyès Ou a ki plen lanmou, e pou revele souverènte Otorite Ou; Non Ou te sèvi pou fè lanp non Ou yo parèt nan etajè kalite Ou yo, pou fè Li menm Ki se Tabènak linite Ou ak Lespri detachman an vin klere; Non Ou te sèvi pou pibliye chemen direksyon Ou yo, e pou trase wout bon plezi Ou yo; Non Ou te sèvi pou sekwe fondasyon erè yo, e pou elimine siyn mechanste yo; Non Ou te sèvi pou demare fontèn sajès Ou yo, e voye desann tab selès la; Non Ou te sèvi pou pwoteje sèvitè Ou yo e voye gerizon Ou sou yo; Non Ou te sèvi pou montre sèvitè Ou yo dous mizèrikòd Ou a e devwale padon Ou pami kreyati Ou yo - mwen sipliye Ou pou pwoteje li menm ki te rete fidèl e ki te retounen jwenn Ou, ki te kenbe fèm ak mizèrikòd Ou, e ki te rale ke wòb pwovidans Ou an ki plen lanmou. Tanpri, voye desann gerizon Ou sou li, fè li retabli, anrichi li avèk yon fidelite ki soti nan Ou menm, ak yon kal ki soti nan grandè Ou. An verite, se Ou menm Ki Geri, Ki Pwoteje, Ki Bay Èd, Toupisan an, Ki Plen Pouvwa, Tout Gloriye a, Ki Konnen Tout Bagay.
Lwanj pou Non Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen se sèvitè Ou ki te rale Kòd dous mizèrikòd Ou yo, e ki te kenbe fèm sou ke wòb gran bonte Ou a. Mwen priye Ou poutèt non Ou ki fè Ou domine tout bagay ki te kreye, ni sa ki vizib ni sa ki envizib, e ki te fè Ou soufle vrè souf lavi a sou tout kreyasyon an, pou ranfòse mwen avèk pouvwa Ou ki te antoure syèl la ak tè a, e pou pwoteje mwen kont tout maladi ak tribilasyon. Mwen bay temwayaj se Ou menm Ki Senyè tout non yo, e se Ou menm Ki Bay Lòd pou akonpli tout sa ki ta kapab fè Ou kontan. Pa gen okenn lòt Bondye pase Ou, Toupisan an, Sila a Ki Konnen Tout Bagay, Ki Gen Tout Sajès la. O Senyè mwen! Chwazi pou mwen sa ki pral bon pou mwen nan chak mond pami tout mond Ou yo. Epi, voye desann pou mwen sa Ou te ekri pou moun Ou te chwazi pami kreyati Ou yo - yo menm ki pa te kite kritik moun k’ap kritike yo, ni bwi enkredil yo, ni separasyon moun ki elwanye tèt yo ak Ou, anpeche yo vire nan direksyon Ou. Vrèman, se Ou menm Ki Pote Sekou nan Danje avèk pouvwa souverènte Ou. Pa gen okenn Bondye Ki egziste esepte Ou menm, Toupisan an, Sila a Ki Gen Plis Pouvwa a.
Glwa pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Pa abese moun Ou te egzalte avèk pouvwa souverènte Ou k’ap kontinye pou tout tan, epi pa repouse lwen Ou li menm Ou te fè antre nan tabènak etènite Ou a. O Bondye mwen! Èske Ou pral mete deyò li menm Ou te pwoteje anba lonbraj Otorite Ou? O Dezi mwen! Èske Ou pral voye ale sila a Ou te bay refij? Èske Ou kapab imilye moun Ou te fè leve, oubyen èske Ou kapab bliye li menm Ou te pèmèt sonje Ou? Glorifye, Ou konplètman glorifye! Se Ou menm Ki te Wa tout kreyasyon an, Gran Mèt li depi tout tan, e Ou pral kontinye Senyè tout bagay ki te kreye ak Chèf yo pandan tout etènite. Ou glorifye, O Bondye mwen! Si Ou sispann gen mizèrikòd pou sèvitè Ou yo, alò kiyès ki pral montre mizèrikòd pou yo; e si Ou refize soutni byeneme Ou yo, kiyès k’ap egziste pou soutni yo? Glorifye, Ou pi glorifye pase tout bagay ki kapab mezire! Nou adore Ou nan verite Ou, e, vrèman, se Ou menm nou tout adore; Ou klè nan jistis Ou, e, an verite, nou tout bay temwayaj sou Ou. An verite, se Ou menm Ki byeneme nan gras Ou. Pa gen okenn Bondye esepte Ou, Sekou nan Danje a, Sila a Ki Egziste pou Kont Li.
Se pou Non Ou louwe, O Bondye mwen ak Bondye tout bagay, Glwa mwen ak Glwa tout bagay, Dezi mwen ak Dezi tout bagay, Sipò mwen ak Sipò tout bagay, Wa mwen ak Wa tout bagay, Mèt mwen ak Mèt tout bagay, Bi mwen ak Bi tout bagay, Fòs mwen ak Fòs tout bagay! Mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn oseyan dous mizèrikòd Ou a, ni rete lwen bòrivaj prezans Ou an. Pa gen anyen esepte Ou menm, O Senyè mwen, ki kapab ban mwen avantaj, epi, rete bò kote kèlkeswa moun nan p’ap pote mwen okenn pwofi, sèl pwofi ki genyen se nan avanse pi pre Ou. Mwen priye Ou fò poutèt grandè richès Ou, ki te fè Ou endepandan ak tout bagay esepte Ou menm, pou konte mwen pami yo menm ki te vire figi yo nan direksyon Ou an, e ki te leve pou sèvi Ou. Poutèt sa, O Senyè mwen, padone sèvitè Ou yo ak sèvant Ou yo. Vrèman, se Ou menm Ki Toujou Padone, Ki Gen Plis Konpasyon.
Glwa pou non Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen mande Ou pou temwaye je mwen k’ap espere gade mèvèy mizèrikòd Ou yo, ak zòrèy mwen ki anvi tande dous melodi Ou yo, ak kè mwen k’ap chèche jwenn dlo konesans Ou yo k’ap bay lavi. Ou wè sèvant Ou an, O Bondye mwen, k’ap kanpe devan abitasyon mizèrikòd Ou a, k’ap rele non Ou te chwazi mete pi wo pase tout lòt non yo epi domine sila yo ki nan syèl la e ki sou latè. Voye desann sou li souf mizèrikòd Ou yo, pou pèmèt li konplètman detache li ak pwòp tèt pa li, e avanse konplètman nan direksyon syèj k’ap klere depi yon gran distans avèk limyè pouvwa Ou ki soti nan glwa vizaj Ou a, yon syèj ki etabli kòm twòn Ou an. Ou gen pisans pou fè tout sa Ou deside. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Tout-Gloriye a, Sila a Ki Gen Plis Bonte a. O Senyè mwen, mwen sipliye Ou pou pa mete deyò sila yo ki t’ap chèche Ou, e pa refize yo menm ki te dirije pa yo nan direksyon Ou, e, pou tout moun ki gen lanmou pou Ou nan kè yo, pa anpeche yo jwenn gras Ou. Se Ou menm, O Senyè mwen, Ki te rele tèt Li Bondye a Ki Gen Mizèrikòd, Sila a Ki Gen Plis Konpasyon. Poutèt sa, O Senyè, voye mizèrikòd Ou sou sèvant Ou an ki te chèche nich Ou a, e ki te vire figi li nan direksyon Ou. An verite, se Ou menm Ki Toujou Padone, Ki Pi Mizèrikòdye a.
  • Nenpòt moun ki vin soule nan gran lajwa ki soti nan adore Non Mwen, Sila Ki Gen Kè Ki Pi Sansib la, pral resite vèsè Bondye yo yon jan pou kapte kè sila yo ki toujou andòmi.

O Bondye mwen! Tout lwanj se pou Ou menm Ki se Sous tout glwa ak majeste, tout grandè ak onè, souverènte ak otorite, siperyorite ak gras, respè ak pouvwa. Ou dirije moun Ou vle nan direksyon Pi Gran Oseyan an, e Ou chwazi nenpòt moun Ou vle pou ba li onè rekonèt Pi Ansyen Non Ou an. Pami tout sa ki nan syèl la ak sou tè a, pa gen anyen ki kapab reziste devan fòs Volonte siprèm Ou an. Depi tout etènite Ou te dirije tout kreyasyon an, epi Ou pral kontinye pandan tout tan montre otorite Ou sou tout bagay ki kreye. Pa gen lòt Bondye pase Ou menm, Toupisan an, Pi Egzalte a, Sila a Ki Genyen Tout Pouvwa a, Ki Gen Tout Sajès la. O Senyè, limen figi sèvitè Ou yo pou pèmèt yo wè Ou; pwòpte kè yo pou pèmèt yo vire nan direksyon lakou favè selès Ou yo, e rekonèt Sila a Ki se Manifestasyon Ou Menm menm ak Sous Lespri Ou. An verite, se Ou menm Ki Senyè tout mond yo. Pa gen okenn Bondye esepte Ou, Sila a Ki Pa Gen Limit la, Ki Domine Tout Bagay.

O Bondye, Bondye tout Non yo, ak Kreyatè syèl yo! Mwen sipliye Ou avèk Non Ou te sèvi pou fè Sous pisans Ou ak Douvanjou pouvwa Ou parèt, Non Ou te sèvi pou fè tout bagay solid tounen likid e koule, pou fè chak kadav jwenn lavi, e pou fè chak lespri ki an mouvman jwenn fidelite - mwen sipliye Ou pou pèmèt mwen elimine nan mwen menm tout atachman ak tout moun, pou mwen atache sèlman ak Ou menm, e pou mwen sèvi Koz Ou a, epi vle sa Ou te vle avèk pouvwa otorite Ou, e pou mwen akonpli sa ki mache avèk bon plezi volonte Ou. Anplis, mwen priye Ou fò, O Bondye mwen, pou chwazi pou mwen sa ki pral fè mwen ase rich pou mwen endepandan ak tout moun e pou mwen depann sèlman sou Ou menm. Ou wè mwen, O Bondye mwen, avèk figi mwen fikse nan direksyon Ou, avèk men mwen yo k’ap kenbe fèm ak kòd gras Ou a. Voye desann mizèrikòd Ou sou mwen, epi ekri pou desten mwen sa Ou te ekri kòm desten pou yo menm Ou te chwazi yo. Ou gen pouvwa pou fè tout sa Ou vle. Pa gen okenn Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Gen Tout Bonte a.
Lwanj pou Ou, O Senyè Bondye mwen! Mwen sipliye Ou, poutèt Pi Gran Non Ou an Ou te sèvi pou resisite sèvitè Ou yo epi konstwi vil Ou yo, poutèt tit Ou yo ki pi bon, ak pi wo kalite Ou yo, mwen sipliye Ou pou ede pèp Ou yo vire nan direksyon tout bonte Ou yo, e fikse figi yo bò Tabènak sajès Ou. Tanpri, geri tout maladi ki te atake nanm yo nan tout direksyon, maladi sa yo ki te anpeche yo vire je yo bò Paradi Ou ki rete anba pwoteksyon lonbraj Non Ou - yon non Ou te pibliye kòm Wa tout non yo pou tout sa ki nan syèl la e sou tè a. Ou gen pisans pou fè tout sa k’ap fè Ou kontan. Ou kenbe nan men Ou pouvwa sou tout non yo. Pa gen lòt Bondye esepte Ou menm, Pisan an, Saj la. Mwen se yon kreyati pòv, O Senyè mwen; mwen te kenbe ke wòb richès Ou. Mwen byen malad; mwen pa te lage kòd gerizon Ou. Delivre mwen anba maladi yo ki te antoure mwen, lave mwen konplètman avèk dlo gras ak mizèrikòd Ou, epi, avèk padon ak bonte Ou, abiye mwen avèk rad bon sante a. Fè mwen fikse je mwen sou Ou, epi elimine nan mwen tout atachman ak tout sa ki pa Ou menm. Ede mwen fè tout sa Ou chwazi, epi akonpli sa k’ap fè Ou kontan. Vrèman, se Ou menm Ki Senyè lavi sa a ak lòt lavi a. An verite, se Ou menm K’ap Toujou Padone, Ki Pi Mizèrikòdye a.
Lwanj pou Ou menm, O Senyè Bondye mwen! Sa a se sèvitè Ou ki te bwè nan men Ou yo ki plen gras bwason diven dous mizèrikòd Ou a, e ki te goute savè lanmou Ou nan jou Ou yo. Mwen sipliye Ou, poutèt sila yo ki montre kalite Ou yo nan lavi yo e ki pa kite okenn chagren anpeche yo rejwi nan lanmou Ou ni anpeche yo gade figi Ou - mwen sipliye Ou, poutèt yo menm ki pa vire kite chemen bon plezi Ou malgre tout pouvwa foul neglijan yo - mwen sipliye Ou pou vide sou sèvitè Ou a tout bon bagay Ou posede, e leve li nan otè yo ki si tèlman wo sa pral pèmèt li wè lemonn tankou yon lonbraj k’ap disparèt pi vit pase yon batman je. O Bondye mwen! Pwoteje li osi, avèk pouvwa majeste Ou ki depase tout sa nou kapab mezire, kont tout sa Ou rayi. An verite, se Ou menm Ki Senyè li ak Senyè tout mond yo.
Se Ou menm Ki Glorifye, O Senyè Bondye mwen! Chak moun ki konprann ap deklare souverènte Ou ak otorite Ou, chak je ki kapab wè ap rekonèt grandè majeste Ou ak fòs pouvwa pisans Ou. Gwo van eprèv yo pa gen pouvwa pou anpeche moun ki pre Ou fikse figi yo nan direksyon syèl glwa Ou, epi, pou moun ki dedye tèt yo avèk tout kè yo nan volonte Ou, tanpèt difikilte yo pa kapab detounen yo ak anpeche yo nan pwogrè y’ap fè pou jwenn lakou prezans Ou. Daprè mwen menm, lanp lanmou Ou ap boule nan kè yo, epi limyè jantiyès Ou limen nan nanm yo. Difikilte grav yo sibi pa gen kapasite pou separe yo ak Koz Ou a, e move chans ki genyen nan lavi a p’ap janm kapab fè yo kite chemen bon plezi Ou. Mwen priye Ou anpil, O Bondye mwen, poutèt yo menm, e poutèt soupi ki soti nan kè yo akoz separasyon yo genyen ak Ou menm, pou pwoteje yo kont mechanste moun ki opoze avèk Ou, epi nouri nanm yo avèk sa Ou te sere pou byeneme Ou yo - yo menm ki pa pral tonbe nan okenn perèz, ki pa pral jwenn chagren.
Lwanj pou non Ou, O Senyè Bondye mwen! Se Ou menm tout bagay adore men Ou menm Ou pa adore anyen, Ou menm Ki Senyè tout bagay men Ou pa depann sou pèsonn, Ou menm Ki konnen tout bagay men pa gen anyen ki konnen Ou. Ou te vle fè lèzom rekonèt Ou; poutèt sa, avèk yon sèl mo ki te soti nan bouch Ou, Ou te fè kreyasyon an parèt e Ou te bay linivè a fòm li. Pa gen okenn lòt Bondye esepte Ou, Atizan an, Kreyatè a, Toupisan an, Li menm Ki Gen Plis Pouvwa. Mwen sipliye Ou, poutèt menm mo sa a ki te klere nan syèl volonte Ou, pou pèmèt mwen byen bwè nan dlo ki bay lavi a - dlo Ou te sèvi pou fè kè moun Ou te chwazi yo bat pi fò epi ajoute sou angouman nanm moun ki renmen Ou - mwen sipliye Ou pou fè mwen vire figi mwen konplètman nan direksyon Ou nan tout moman e nan tout sikonstans. Se Ou menm Bondye Ki gen pouvwa a, Ki gen glwa ak bonte. Pa gen lòt Bondye aprè Ou menm, Dirijan Siprèm nan, Sila a Ki Gen Tout Glwa a, Ki Konprann Tout Bagay.
Se Ou menm Ki glorifye, O Senyè Bondye mwen! Mwen remèsye Ou paske Ou te kreye mwen nan jou Ou yo, e Ou te ranpli mwen avèk lanmou Ou ak konesans Ou. Mwen sipliye Ou, poutèt non Ou ki te fè tout bèl bijou sajès ak pawòl Ou yo soti nan trezò ki anndan kè sèvitè Ou yo ki pre Ou, e ki te fè Solèy non Ou, Sila a Ki Gen Konpasyon, klere limyè li sou tout sa ki nan syèl Ou e sou tè Ou, mwen sipliye Ou, poutèt gras ak favè Ou, pou voye pou mwen tout bonte mèveye Ou yo ki rete kache. O Bondye mwen! Jou sa yo se jou kòmansman lavi mwen - jou Ou te fè tonbe menm lè ak jou pa Ou yo. Pliske Ou te voye sou mwen yon gran onè konsa, tanpri pa anpeche mwen jwenn tout bagay Ou te sere pou moun Ou te chwazi yo. O Bondye mwen! Mwen se yon ti semans Ou te simen nan tè lanmou Ou, epi Ou te leve avèk men bonte Ou. Poutèt sa, semans sa a gen gwo anvi, ki soti nan fon lespri li, pou li jwenn dlo mizèrikòd Ou ak fontèn gras Ou k’ap bay lavi. Voye desann sou li, soti nan syèl afeksyon Ou, sa ki pral pèmèt li fleri anba lonbraj Ou e nan vwazinaj lakou Ou. Se Ou menm Ki wouze kè tout moun ki te rekonèt Ou ak gwo dlo sous Ou a ak dlo fontèn Ou an k’ap bay lavi. Lwanj pou Bondye, Senyè pou tout mond yo.
O Bondye, se figi Ou ki objektif lwanj mwen, se bèlte Ou ki azil mwen, se abitasyon Ou ki bi mwen, se rive adore Ou ki espwa mwen, se pwoteksyon Ou ki konpayon mwen, se lanmou Ou ki sous egzistans mwen, se site Non Ou ki soulajman mwen, se rete pre Ou ki dezi mwen, se prezans Ou ki pi gran anvi mwen genyen ak pi gwo anbisyon mwen; mwen sipliye Ou pou pa anpeche mwen jwenn sa sila yo Ou te chwazi pami sèvitè Ou yo te jwenn daprè kòmand Ou. Poutèt sa, voye pou mwen sa ki bon nan mond sa a ak nan lòt mond la tou. An verite, se Ou menm Ki Wa tout lèzòm. Pa gen okenn Bondye esepte Ou menm, Sila a Ki Toujou Padone, Ki Plis Renmen Bay.
Mwen pote temwayaj, O Bondye mwen, Ou te kreye mwen pou mwen konnen Ou ak pou mwen adore Ou. Mwen temwen, kounyeya, mwen pa gen pouvwa, se Ou menm Ki gen pisans, mwen pòv, Ou rich. Pa gen lòt Bondye pase Ou, Sila a Ki Pote Sekou nan Danje, Ki Egziste pou kont Li.